Groupe d’Action Francophone pour l’Environnement
20 ans de militantisme et d’action de terrain

Accueil > Notre actualité > En décembre 2022, les adolescent-es de Kenscoff publient un magazine

En décembre 2022, les adolescent-es de Kenscoff publient un magazine

samedi 21 janvier 2023

Nan tout sosyete k ap fè pwogrè oswa ki chwazi wout sa, toujou pran ak anpil konsiderasyon demen yo. Se pou sa yo bay anpil enpòtans ak sila ki pi jèn yo. Se yo menm k ap vin sitwayen, e se yo ki pral pote tout valè ki te konstui yo. Li klè, pou lavni an garanti fòk jodia prepare,tankou pwovèb la di : « pa gen sekrè nan fè kola ». Se jenès la ki pou prepare pou sa. Se nan sans sa a, « Groupe d’Action Francophone pour l’Environnement » (GAFE) ansanm ak kèk lòt patnè ki konsyan de reyalite a, mete sou pye pwogram « Akonpanye konstriksyon ak ekspresyon sitwayèn kay jèn nan 6 komin pou yon lòt anviwònnman ak yon lòt sosyete ».

84 jèn ki gen ant 18 a 25 lane ki soti nan komin Vèrèt, Mibalè, Beladè, Site Solèy, Kafou ak Kenskòf jwenn fòmasyon ak sipò pou rive pote kontra pou yon lòt anviwònman ak yon lòt sosyete nan tout peyi a pou moun ki pretann vin dirije yo a gen yon modèl. 14 jèn nan chak komin sa yo deja tanmen jwe wòl yo antanke sitwayen. Nan komin Kenskòf, anplis de 14 jèn, genyen 20 adolesan, ki jwenn fòmasyon pou yo kapab sansiblize lòt adolesan sou pwoteksyon anviwònman a travè animasyon sou plizyè tematik nan lekòl Kenskòf yo.

Adolesan yo pa deside rete nan fè animasyon nan lekòl sèlman, yo deside fè premye
piblikasyon yo , pou plis moun, kapab konnen kòman pou pwoteje anviwònman yo, jere fatra yo, pwoteje la vi sou tou fòm. Magazin sa ke yo batize : Mag-Ado.